Accessibility links

Breaking News

2 Tranblemanntè Souke Sid Ayiti


Zon kote tranbleman te a frape nan sidwest Ayiti, 24 Janvye 2022.
Zon kote tranbleman te a frape nan sidwest Ayiti, 24 Janvye 2022.

Gen 2 tranblemanntè modere ki souke sidwès peyi d'Ayiti jodia.

Dapre nouvèl yo, 2 moun mouri e gan plizyè kay ki kraze. Popilasyon an te panike nan moman sekous la te frape e lekol yo te deside fèmen pot yo.

Tanbleman an te gen yon pwisans 5,3 sou nechèl Richter la e li te frape a 8:16 nan maten (1316 GMT) e yon dezyèm sekous pwisans 5,1 te frape yon hè pi ta.

Yo tou le 2 te santre sou prèskil sid Ayiti a, a lwès kapital la, Potoprens.

Sèvis Jeyolojik Etazini an di tou le 2 tranblamanntè yo te santre ak yon distans 10 kilomèt anba tè. Direktè pwoteksyon sivil Ayisyen an pou rejyon sid la di lekol nan zon nan voye timoun yo lakay yo kom mezi pwoteksyon.

XS
SM
MD
LG