Accessibility links

Breaking News

Pou Premye Fwa Depi 1961, Tapi Oscar la Pap Wouj


Yon anplwaye kole tapi a sou pis la kom preparasyon pou 95em seremoni anyel Pri Akademi yo (Oscar yo) nan Los Angeles, 8 Mas, 2023.
Yon anplwaye kole tapi a sou pis la kom preparasyon pou 95em seremoni anyel Pri Akademi yo (Oscar yo) nan Los Angeles, 8 Mas, 2023.

Gen anpil bagay ki chanje pa rapò ak seremoni remiz pri Oscar yo pandan ane yo, men pandan 60 an, gen yon bagay ki toujou rete menm jan an - tapi wouj la.

Koulè wouj la varye pandan ane yo men tapi a te toujou wouj. Eksepte pou ane sa a.

Semèn sa a, devan Teyat Dolby la nan Hollywood, moun te ka wè travayè yo ap dewoule yon tapi ki gen koulè chanpay.

Se komedyen Ameriken Jimmy Kimmel ki pral anime 95èm seremoni anyèl pri Oscar yo Dimanch.

Desizyon pou chanje koulè tapi a soti bò kote konsiltan kreyativ la ane sa a, Lisa Love, ki travay ak magazin Vogue depi lontan, epi Raul Avila, direktè kreyativ Gala Met la nan Nouyòk ki te vle transfòme "yon evenman kap dewoule lajounen an evenman nokturn. "

XS
SM
MD
LG