Accessibility links

Breaking News

Moldavi: Separatis ki anfavè LaRisi yo di ke yo kraze yon atak Ikrenyen sou lidè yo


MOLDOVA-TRANSNISTRIA-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT
MOLDOVA-TRANSNISTRIA-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT

Otorite yo nan Transdnistri, yon rejyon ki gen separatis anfavè LaRisi nan Moldavi fè konnen ke yo dejwe yon atak ke yo di Kyèv tap fè kont plizyè dirijan yo, pandan ke toujou gen gwo tansyon nan sa ki gen rapò ak lagè a nan Ikrèn.

Ministè Sekirite Piblik nan Transdnistri di nan yon kominike ke li "dejwe yon atak teworis" ke sèvis sekirite Ikrèn yo te lanse kont plizyè otorite nan rejyon separatis la.

AFP fè konnen li enposib pou jwenn yon sous ki endepandan pou verifye enfòmasyon an.

XS
SM
MD
LG