Accessibility links

Breaking News

Sèvis Ransèyman Ameriken Montre ke Se Gwoup Pro-Ikrenyen ki te sabote Tiyo Nord Stream lan


FILE PHOTO: Gas bubbles from the Nord Stream 2 leak reaching surface of the Baltic sea in the area shows disturbance of well over one kilometre diameter near Bornholm
FILE PHOTO: Gas bubbles from the Nord Stream 2 leak reaching surface of the Baltic sea in the area shows disturbance of well over one kilometre diameter near Bornholm

WASHINGTON/KYIV, 7 mas (Reuters) - Dapre sa jounal New York Times rapòte, enfòmasyon ke responsab sèvis ransèyman Ameriken te revize montre ke se yon gwoup ki anfavè Ikrèn ki te sabote tiyo Nord Stream ki te konn pote gaz natirèl soti nan peyi Larisi pou ale ann Ewòp.

Sepandan yo pa jwenn okenn prèv ki montre patisipasyon gouvènman Kyèv la nan mwa septanm nan

Etazini ak Òganizasyon Trete Atlantik Nò a te kalifye atak sa ki detwi 3 nan 4 tiyo ki anba lanmè Baltik la, kòm "yon zak sabotaj."

Moskou te lage responsablite a sou patizan peyi nan Lwès yo ansanm ak Ikrèn, e li te mande Konsèy Sekirite Nasyonzini an pou l mennen ankèt poukont li.

New York Times di pa gen okenn prèv ki montre ke Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelenskyy oswa lòt gwo tèt ki nan antouraj li te enplike nan operasyon an.

Pòtpawòl Mezon Blanch John Kirby te di jounalis yo Madi ke Washington t ap tann ankèt ki ap kontinye nan peyi Almay, Syèd ak Danmak "e se sèlman lè sa a nou ta dwe gade ki aksyon ki apwopriye pou nou pran."

Kòm repons pou rapò a, yon konseye Zelenskyy, Mykhailo Podolyak, di jounal Reuters ke gouvènman Kyèv la "pa te patisipe ditou" nan atak sabotaj la, e ke li pa te gen okenn enfòmasyon sou sa ki te pase a.

New York Times ekri ke konklisyon ransèyman sa a fè kwè ke pami moun ki dèyè eksplozyon tiyo yo, gen sitwayen Ikrenyen oswa Ris, oswa yon konbinezon tou 2 peyi yo, ki kont Prezidan Ris Vladimir Puti

XS
SM
MD
LG