Accessibility links

Breaking News

Palmantè Ameriken Ap Travay Pou Mete Fen Nan Pouvwa Prezidan Peyi A Genyen Pou Fè Lagè nan Irak


Prezidan Joe Biden pwononse diskou sou Eta Inyon an devan yon sesyon konjwen Kongre Etazini nan Washington, 7 Fevriye 2023.
Prezidan Joe Biden pwononse diskou sou Eta Inyon an devan yon sesyon konjwen Kongre Etazini nan Washington, 7 Fevriye 2023.

Palmantè ameriken yo pwal fè yon pa enpòtan, semèn sa a, pou mete fen nan yon otorizasyon ki la depi dè dizèn lane, ki te bay prezidan an pouvwa pou fè lagè nan Irak, nan kad yon efò pou Kongrè a enpoze otorite li, efò ki sanble gen yon sipò k ap grandi.

« Demokrat kou Repibliken gen menm konklizyon an: nou bezwen fini nèt ak gè Irak la, yon fwa pou tout. E pou nou fè sa, nou dwe etenn otorite legal ki te tanmen gè a pou koumanse, » se lidè Majorite nan Sena-a Chuck Schumer ki te pale konsa sou tribin Sena a semèn pase a, pandan li t ap chante lwanj pou efò sa a ant 2 pati yo.

Palmantè yo te fè plizyè tantativ nan ane ki pase yo pou anile otorizasyon 2001 ak 2002 pou Anplwaye Fòs Militè, ke yo te pase nan Kongrè a apre atak teworis 11 Septanm 2001 yo, ki te bay prezidan yo anpil pouvwa pou lanse operasyon militè san apwobasyon Kongrè a jan konstitisyon an mande a.

Jouk kounyea, chak tantativ te echwe pandan te gen kritik ki di kòmkwa si Kongrè a elimine otorizasyon sa yo, sa ap mete an danje sekirite nasyonal Etazini ak fòs ameriken yo nan lòt peyi.

Anplis de elimine otorizasyon pou gè Irak la, pwojè lwa a ki nan Komisyon Afè Etranjè Sena a, semèn sa a, ta rantre lwa 1991 ki te otorize Prezidan George Herbert Walker Bush voye fòs nan Irak.

XS
SM
MD
LG