Accessibility links

Breaking News

Bangui: Prezidan Touadéra Di Peyi Loksidan Yo Kenbe Enstabilite Politik Nan Repiblik Sant-Afrik Pou Yo Kapab Piye Richès Peyi a


Central African Republic's President Faustin-Archange Touadera presents his national statement as part of the World Leaders' Summit of the COP26 UN Climate Change Conference in Glasgow, Scotland, on Nov. 1, 2021.
Central African Republic's President Faustin-Archange Touadera presents his national statement as part of the World Leaders' Summit of the COP26 UN Climate Change Conference in Glasgow, Scotland, on Nov. 1, 2021.

Prezidan Repiblik Sant-Afrik, Faustin-Archange Touadéra, atake peyi nan loksidan yo dimanch nan Doha, kapital peyi Katar, kote li akize yo kòmkwa yo "kenbe enstabilite politik" nan peyi a pou piye richès li epi anpeche devlopman fèt ladan.

Nan yon somè pou peyi an devlòpman yo anba lobedyans Nasyonzini nan Doha, Chèf deta a jije ke peyi li "viktim peyi loksidan yo akoz resous natirèl yo genyen".

Li deklare ke "Repiblik Sant Afrik sibi depi endepandans li yon piyaj byen kalkile ke sèten peyi nan loksidan fasilite nan kenbe enstabilite politik nan peyi li" e ke, pou fè sa, loksidan travay ak "gwoup teworis ame ki gen kòm lidè kèk mèsenè etranje".

Apre depa twoup franse yo nan nan peyi a, Moskou te voye "enstriktè militè" an 2018, e ann apre nan ane 2020 sou demand Bangui Moskou te voye dè santèn paramilitè.

Ekspè Endepandan nan Nasyonzini te pale sou sitiyasyon dwa moun nan peyi a e yo te akize nan mwa Fevriye lame a ak alye Ris li yo pou abi kont popilasyon an ak plizyè otorite eli.

Apre rapò sa, Inyon Ewopeyen an te anonse nouvo sanksyon kont gwoup paramilitè ris Wagner pou "vyolasyon dwa moun", ki vize plizyè ansyen dirijan li ki te nan Repiblik Sant Afrik tou, tankou "konseye Prezidan Touadéra sou sekirite", ki se manm Wagner, ak pòtpawòl gwoup la nan peyi a.

Nan Katar, prezidan an mande poukisa peyi l "ki gen yon pakèt trezò jewolojik - tankou lò, diaman, cobalt, iranyòm, gaz natirèl - plis pase 60 ane apre endepandans, toujou paka eksplwate trezò sa yo, e ke li toujou rete youn nan peyi ki pi pòv nan mond lan".

Li te ensiste pou di "Se poutèt sa yo pran pèp Sant Afrik la ann otaj", e li mande pou wete sanksyon ki sou peyi l tankou sispansyon nan èd peyi l te konn resevwa nan men donatè entènasyonal yo e wete anbago zam ki sou peyi a.

XS
SM
MD
LG