Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Jill Biden ap Vizite Afrik


Foto Achiv: Jill Biden ak pitit pitit li, Maisy nan yon katye defavorize nan peyi Kenya, 8 Jyen, 2010.
Foto Achiv: Jill Biden ak pitit pitit li, Maisy nan yon katye defavorize nan peyi Kenya, 8 Jyen, 2010.

Premyè dam Etazini Jill Biden tanmen yon vizit 5 jou an Afrik nan peyi Namibi kote okèn wo responsab Ameriken pa vizite depi ane 1996.

Dansè ki reprezante diferan gwoup etnik Namibi yo te akeyi Madan Biden Mèkredi.

Vizit premye dam la pral konsantre sou fason pou bay medam yo ak jenès la plis pouvwa. Li pral pale tou de pwoblèm ensekirite alimantè a nan rejyon Afrik la.

Vizit la tonbe nan kad angajman Prezidan Joe Biden pran pou l ogmante relasyon Etazini ak rejyon an. Madan Biden va vizite Kenya tou.

Pandan sejou li, Jill Biden pral eseye mete aksan tou sou sechrès ki devaste kèk peyi Afriken.

XS
SM
MD
LG