Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid, LaRisi, ak LaChin Tanmen Ekzèsis Militè nan Lanmè


Russian Warship Drills with South African, Chinese Navies Amid Criticism
Russian Warship Drills with South African, Chinese Navies Amid Criticism

Ekzèsis naval nan lanmè ki gen Afrik di Sid, LaRisi, ak LaChin tanmen nan dlo sou kot ès Afrik di Sid Jodi vandredi, malgre kè-sote Etazini e malgre Ikrèn kondane mouvman sa-a.

Kèk kritik di ekzèsis la k-ap dire 10 jou p ap preske pote okenn benefis pou Afrik di Sid e ap tounen yon efò pwopagann pou leve imaj LaRisi nan dat premye anivèsè envazyon li nan Ikrèn.

Pandan loksidan ap ogmante ekspedisyon zam pou ede Ikrèn konbat envazyon an, Afrik di Sid koumanse fè jwèt lagè vandredi, ak bato de gè ris.

Bato ris “Amiral Gorshkov” ki rive nan vil Capetown semèn sa a, gen sou li mak Kremlen an pou lagè, ki se lèt “Z”.

Anbasadè Ikrèn ann Afrik di Sid Liubov Abravitova di LaVwadlamerik li kondane ekzèsis yo.

Afrik di Sid repete plizyè fwa ke li pa pran pozisyon sou konfli Ikrèn nan e li defann dwa li pou li gen relasyon ak LaRisi, yon manm menm nan jan ak li nan blòk komèsyal BRICS ansanm ak Brezil, End, ak LaChin.

Mwa pase, minis afè etranjè Sidafriken Naledi Pandor, te akeyi tokay li Sergey Lavrov ki t al ran li vizite, e li te di pèsonn paka fòse Pretoria chwazi yon kan nan lagè Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG