Accessibility links

Breaking News

Eleksyon 2024: Marianne Williamson Pral Defye Biden Pou Pòs Kandida Pou Pati Demokrat la


Marianne Williamson 2024
Marianne Williamson 2024

WASHINGTON (AP) —Marianne Williamson nan pati Demokrat la lanse ofisyèlman yon kanpay prezidansyèl.

Se premye Demokrat ki angaje l ofisyèlman pou eseye defye Prezidan Joe Biden pou nominasyon 2024 la.

Williamson, ki gen 70 an, se yon ansyen konseye espirityèl pou Oprah Winfrey.

Apre yon rasanbleman li te òganize samdi nan Washington, Williamson planifye pou al fè kanpay nan eta ki gen dwa pou yo vote bonè avan dat eleksyon yo.

An 2020, Williamson te kreye popilarite li akoz li te vle kreye yon Depatman Lapè e te di ke gouvènman federal la ta dwe peye Nwa Ameriken yo reparasyon akoz plizyè syèk yo te pase nan esklavaj e poutèt tout diskriminasyon yo te sibi.

XS
SM
MD
LG