Accessibility links

Breaking News

Scholz: Ap Gen' Konsekans' si Lachin Voye Zam Bay Larisi

German Chancellor Olaf Scholz, right, welcomes European Commission President Ursula von der Leyen for a meeting as part of a two-day closed session of the German government at Meseberg Palace near Berlin, March 5, 2023.

BERLIN (AP) - Chanselye Alman Olaf Scholz di ka gen "konsekans" si Lachin voye zam bay Larisi pou sèvi nan lagè Ikrèn nan, men li se rete ak espwa ke Peken pa pral antre nan yon aktivite konsa .

Scholz fè deklarasyon sa nan yon entèvyou sou chèn televizon ameriken CNN Dimanch, 2 jou apre li te rankontre Prezidan Ameriken Joe Biden nan Washington.

Otorite ameriken yo te avèti lòt jou la a ke Lachin kapab kòmanse bay Moskou zam ak minisyon.

Anvan vwayaj li a, Scholz te mande Peken pou l pa voye zam e sèvi ak enfliyans li pou l fè presyon sou Larisi pou l retire twoup li nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG