Accessibility links

Breaking News

Pwopriyetè Gwoup Wagner Denonse Minis defans Larisi a


UCRANIA-GUERRA-WAGNER
UCRANIA-GUERRA-WAGNER

Pwopriyetè konpayi militè prive ris Wagner akize minis defans Larisi a ak chèf chef deta majò lame a kòmkwa yo kite konbatan Wagner yo nan Ikrèn san minisyon.

Yevgeny Prigozhin akize yo kòmkwa yo ap eseye detwi fòs li.

Li fè deklarasyon an ak anpil emosyon apre nouvèl ki soti kòmkwa gen gwo tansyon ant konbatan Wagner yo ak militè ris yo.

Gwoup la gen estati legal ki pa klè paske lalwa ris entèdi konpayi militè prive.

Prigozhin di ke chèf militè yo nan Moskou bay lòd pou yo pa bay Wagner minisyon oswa transpò ayeryen. Li di ke Wagner ap pèdi dè santèn konbatan li chak jou nan lès Ikrèn.

Ministè defans Larisi a demanti nouvèl sa ki fè konprann se selman solda ris yo ki jwenn minisyon.

XS
SM
MD
LG