Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Fòs yo ka Fè Retrè Nan Vil Bakhmut


Local residents walk an empty street as police officers look at in Bakhmut
Local residents walk an empty street as police officers look at in Bakhmut

KYIV, Ikrèn (AP) — Dapre yon konseye prezidan Ikrèn lan, Ikrèn ta ka retire twoup li nan Bakhmut.

Sa vle di Larisi ta ka pran vil Bakhmut ki vin tounen yon senbòl rezistans pou fòs Ikrenyen yo nan lagè a.

Fòs Kremlin yo te mennen yon ofansiv san kanpe depi plizyè mwa pou yo wè si yo kapab pran kontwòl Bakhmut.

Vil sa ki gen repitasyon pou min sèl ki ladan vin tounen yon vil fantòm apre ke pratikman tout moun kouri kite li.

Alexander Rodnyansky ki se yon konseye ekonomik Prezidan Ikrèn nan Vladimir Zelenskyy, di CNN ke fòs militè a pral gade tout chwa li sou tab la, men ke yo ka fè retrè si sa nesesè.

XS
SM
MD
LG