Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Pase Lòd Bay Rapè Kodak Black Pou l Antre nan Pwogram Reyabilitasyon


Foto Achiv: Rape Kodak Black.
Foto Achiv: Rape Kodak Black.

Yon jij nan eta Florid pase lòd bay rapè Kodak Black pou'l antre nan yon pwogram reyabilitasyon pou adiksyon ak dwòg pandan 30 jou, apre li teste pozitiv pou fentanyl pandan lap tann dewoulman pwosè li pou trafik dwòg.

Jij Barbara Duffy ki travay nan Awondisman Broward deklare Madi atis la ki gen oirijin Ayisyen, kapab rete lib jiska 7 Mas pou li ka pèfòme nan konsè Rolling Cloud la, tou pre Los Angeles pandan wiken nan.

Duffy te pase lòd anvan sa pou yo arete misye.

Rapè a ki gen 25 an te rate yon tès pou dwòg tribinal la te egzije li pran 3 Fevriye pase a. Li te teste pozitif pou dwòg 8 Fevriye.

Kodack Black ap tann dewoulman pwosè li apre lapolis te arete li nan mwad Jiyè 2022 epi akize l de trafik yon dwòg ki rele oxycodone.

Li te plede non-koupab.

XS
SM
MD
LG