Accessibility links

Breaking News

Rapè Kodak Black Plede Non Koupab, Mande yon Pwosè ak Jiri


Foto sa a ke Biwo Sharif Awondisman Broward nan Florid pibliye montre Bill K. Kapri ke fanatik yo konnen kom rape Kodak Black, apre arestasyon ni Vandredi 15 Jiye, 2022.
Foto sa a ke Biwo Sharif Awondisman Broward nan Florid pibliye montre Bill K. Kapri ke fanatik yo konnen kom rape Kodak Black, apre arestasyon ni Vandredi 15 Jiye, 2022.

Rapè Ameriken d'orijin Ayisyèn Kodak Black (vre non misye se Bill K. Kapri) plede non koupab a akizasyon la jistis eta Florid pote kont li pou trafik dwog epi posesyon yon sibstans kontwole. Nan dokiman legal VOA Kreyol wè, rapè a atrave avoka li yo mande yon pwosè ak yon jiri.

Dapre laprès lokal, rapè a te jwenn liberasyon sou kosyon Samdi.


Lapolis te arete misye e yo te mete'l nan prizon Vandredi nan Ford Lauderdale. L ap tann odisyon li devan tribinal pou diskite kosyon an.

Polisye ki fè patwouy sou otowout Florid yo di nan yon kominike ke yo te rete SUV mov rapè a paske li te gen vit ki pi fonse pase limit legal la.

Yo di yo te pran sant marijuana pandan yo tap tcheke machin nan e yo jwenn yon ti sache plastik transparan ki te gen 31 pilil ak prèske $75,000 kach ladann. Yo te detèmine pi ta ke pilil sa yo se yon medikaman ki rele oxycodone.

Lapolis di lè yo te tcheke plak machin Kodak Black la yo te jwenn ke ni plak la ni lisans misye te ekspire.

Avoka rapè a, Bradford Cohen deklare sou Twitter ke "toujou gen fè adisyonèl ak sikonsans ki pèmèt yon moun monte yon defans, sitou nan ka sa a."

Avoka a ajoute "nou pral mande pou lage li sou kosyon epi nap chache rezoud koze a vit e prese."

Pi bonè ane sa a, yo te arete Kodak Black nan sid Florid sou akizasyon dèske li te antre yon kote li pat gen pèmisyon antre. Sepandan, avoka akizasyon yo pat vle pousuiv ka a nan tribinal.

Nan mwad Janvye 2020, Prezidan Donald trump te efase santans rapè a ki te mande pou'l pase 3 zan nan prizon federal poutèt li te prezante fo dokiman pou achte zam. Nan epok la, Kodak Black te deja sèvi mwatye santans li.

Rapè a se youn nan atis ki sipoze pèfome nan festival mizik Rolling Loud Festival 2022 a, ki sipoze tanmen Vandredi. Misye sipoze prezante spektak 24 Jiyè.

Black vann plis pase 30 milyon chanson e li gen plizyè gwo hit tankou pi resan an "Super Gremlin" ki te rive nan nimewo 3 sou lis 100 chanson pi popilè Ozetazini ke magazin Billboard pibliye pi bonè ane sa a. DJ David Guetta te lage yon remix hit sa a tou.

Lot hit Kodak Black yo se "Zeze", "No Flockin" epi "Roll in Peace".

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG