Accessibility links

Breaking News

Lajitis nan Hong Kong Akize Bòpè Ak Belmè Yon Modèl, Apre Te Jwen Kadav li andedan yon refrijeratè


Model Hong Kong Abby Choi (courtesy: Instagram).
Model Hong Kong Abby Choi (courtesy: Instagram).

HONG KONG (AP) — Lapolis nan Hong Kong lanse akizasyon kriminèl kont bòpè ak belmè yon mannken ki te disparèt depi plizyè jou, apre otorite yo dekouvri kèk pati nan kò li nan yon frijidè e jwenn sa yo kwè se zo tèt li nan yon chodyè.

Apre plizyè jou rechèch, lapolis dekouvri kadav mannken Abby Choi ansanm ak kèk dokiman li nan yon kay Vandredi.

Otorite yo di ke yo te jwenn nan youn nan chodyè yo sezi andan kay la zo tèt yon jèn fanm ke yo kwè ki se tèt Choi ak tout cheve, e yo jwenn tou sa yo kwè ki se zo kòt li.

Yo akize ansyen bòpè Choi ak premye pitit gason l ' pou zak asasinay. Yo te akize bèlmè-l tou kòmkwa li te detounen travay lajistis.

Sa gen kèk tan yo te mete ansyen mari Choi anba kòd pou zak asasinay tou.

XS
SM
MD
LG