Gen kèk kote ki pa t touche pa move tan sovaj la.
Pratikman 300,000 kliyan te san kouran Mèkredi apre midi nan Michigan ak Illinwa, plizyè milye moun nan Arizona e 65,000 nan Kalifòni.
Move tan an te fòse otorite yo anile 1,600 vòl.
Tanperati k ap desann, gwo van, gwo nèj ak glas, sipoze kontinye frape anpil nan eta Ameriken jiska Vandredi.