Accessibility links

Breaking News

27 Moun Mouri Anba Gwo Fredi, Tanpèt Nèj nan Nouyòk


Nan foto sa a ke dron pran, yon katye nan Cheektowga Nouyok kouvri anba nej, 25 Desanm, 2022.
Nan foto sa a ke dron pran, yon katye nan Cheektowga Nouyok kouvri anba nej, 25 Desanm, 2022.

Bilan viktim yo apre yon kokenn chen tanpèt nèj ki frape zon vil Buffalo nan eta Nouyòk ogmante pou l rive 27.

Otorite yo deklare lendi rejyon an ap fè fas ak youn nan pi gwo dezas ki janm frape yo pandan peryòd fèt la nan listwa.

Sekouris yo jwen moun mouri nan machin yo, lakay yo ak nan montay nèj ki fome. Gen kek ki mouri pandan yo tap debleye nej ozalantou kay yo.

Gwo tanpèt ki frape yon bon pati peyi Etazini responsab pou 48 lanmò. Jefò sekou yo ap kontinye jodi Lendi a.

Tanpèt nèj la komanse Vandredi, e li lage nèj sou zòn nan Samdi tou. Otomobilis te bloke nan machin yo, elektrisite koupe epi sekouris yo te gen anpil difikilte pou rive jwen moun ki te bloke nan kay yo san chofaj, ansanm ak machin ki kouvri anba nèj.

XS
SM
MD
LG