Accessibility links

Breaking News

Yon Kokenn Chen Tanpet Ivè Pote Nèj ak Glas pou Etazini


Yon dam mache ak plizye chyen tou pre Lake of the Isles, eta Minnesota, 22 Desanm, 2022.
Yon dam mache ak plizye chyen tou pre Lake of the Isles, eta Minnesota, 22 Desanm, 2022.

Gwo fredi frape plizyè eta Ameriken nan moman yon kokenn chen tanpèt ivè lakoz tanperati a bese byen ba epi nèj tonbe kèk kote.

Gen plis pase 200 milyon moun - apepre 60% popilasyon Etazini - kap fè fas ak move tan ak fredi Vandredi.

Yon skiye mache nan vil Lake of the Isles, Jedi 22 Desanm 2022 tou pre Minneapolis.
Yon skiye mache nan vil Lake of the Isles, Jedi 22 Desanm 2022 tou pre Minneapolis.

Sèvis Nasyonal Meteyowoloji a di li lanse avètisman bay plizyè eta pa rapò ak "youn nan pi gwo konsèy pou move tan li janm pibliye."

Gen plis pase 3,400 vòl andedan ak nan direksyon Etazini ki anile Vandredi. Epi gen plis pase 458,000 moun ak biznis ki pat gen elektrisite Vandredi maten.

XS
SM
MD
LG