Kondisyon tanpèt nèj la yo pèsiste nan nòdwès Etazini, e restan li paralize peyi a depi plizyè jou, sa ki lakòz blakawout anpil kote, reta nan vwayaj, e pou pi pti 49 mò nan 9 eta, dapre chif ofisyèl yo.
Nan eta New York, otorite yo dekri kondisyon grav, nèj ki kouvri tout bagay pandan plizyè èd-tan, kadav ke sekouris dekouvri nan machin e anba montay nèj, ak travayè dijans ki ap tcheke tout machin pou chache sivivan.