Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Espayòl Refize Libere Foutbolè Alves Sou Kosyon


Jwe Brezilyen Dani Alves (devan) ak antrene seleksyon Brezilyen an Tite pandan yon konferans pou lapres nan Doha, Qatar, 1 Dec. 2022.
Jwe Brezilyen Dani Alves (devan) ak antrene seleksyon Brezilyen an Tite pandan yon konferans pou lapres nan Doha, Qatar, 1 Dec. 2022.

Yon tribinal Espayòl refize aksepte demann foutbolè Dani Alves fè pou yo lage li sou kosyon ann atandan anket sou akizasyon abi seksyèl kont li ap rapousuiv.

Tribinal la deside ke Brezilyen Alves taka chape poul li, kidonk fòk li rete nan prizon pandan ankèt la ap dewoule.

Yo te fèmen Alves nan prizon pwovizwaman nan mwad Janvye a apre yon dam te akize l deske li te fè kadejak sou li nan yon nightklub 30 Desanm pase a.

Yon jij te pase lòd pou mete li nan prizon san kosyon apre yon ankèt preliminè.

Alves demanti li komèt okenn krim.

Avoka Alves yo ale an apèl ak desizyon an. Yo di Brezilyen an dakò pou l remèt paspò li bay otorite yo epi menm mete yon aparèy pou trake deplasman li si yo libere l.

XS
SM
MD
LG