Accessibility links

Breaking News

Foutbòl : Otorite Espay Transfere Dani Alves Nan Prizon


DEP-FUT DANI ALVES-DETENCIÓN
DEP-FUT DANI ALVES-DETENCIÓN

Dani Alvès ki te nan detansyon prevantif depi Vandredi, apre akizyon vyòl te tombe sou do foutbolè brezilyen an, transfere nan yon prizon ki tou pre Barcelon Lendi 23 janvye a.

Otorite yo te mete ansyen jwè klèb Meksiken Pumas nan prizon Brians 1 an Vandredi.

Men, pou pi byen asire sekirite ak bon fonksyonman prizon an, otorite prizon Katalan yo deside transfere jwè 39 an nan prizon Brians 2.

Yon jèn fi akize Alves kòmkwa li te vyole l nan fen Desanm nan twalèt yon nayklèb nan Barcelon.

Kontradiksyon ki te genyen nan odisyon jwè a, e risk ki genyen pou l pati kite peyi a te fòse jij la pran desizyon pou mete l nan prizon.

Fanmi ansyen entènasyonal brezilyen an, ki demanti akizasyon sayo, planifye pou ale an apel avek desisyon sila ke jij la pran an.

Kèk èdtan apre anons akizasyon li a, klèb Meksiken Pumas te anonse ke li mete fen nan kontra Dani Alves, ki te pwograme pou fini nan mwa jen 2023.

XS
SM
MD
LG