Accessibility links

Breaking News

Espay: Dani Alves Anba Kòd Pou Swadizan Zak Agresyon Seksyèl


Brazil Copa America 2019
Brazil Copa America 2019

Otorite yo nan Lapolis nan peyi Espay arete Foutbolè Brezilyen an Dani Alves vandredi nan kad yon ankèt lajitis tap menen sou li pou swadizan zak agresyon seksyèl. Se sa polis rejyonal Catalan an te di AFP.

Pou kounya Alves nan yon prizon nan Barcelona.

Yon pòt pawòl polis Katalan an te di: "Li te vini maten an nan estasyon polis la nan Les Corts", kote "yo te konvoke li e nou mete li nan prizon epi li se sou wout" pou paret devan tribinal la nan Barcelona.

Dapre yon sous jidisyè, misye te dwe konparet devan yon jij.

10 janvye, yon tribinal nan Barcelon te anonse ke li te "louvri yon ankèt sou yon swadizan ofans agresyon seksyèl apre yon fanm te depoze yon plent kont yon jwè foutbòl", san yo pa mansyone non jwè a. Men, yon sous ki abitye ak pwoblèm nan te konfime pou AFP ke se te Alves.

Fi sa a, ki te depoze yon plent nan dat 2 janvye, kote li akize jwè 39-zan te manyen li.

Dapre laprès lokal la, zak sila swadizan te fèt nan yon nayklèb nan Barcelon nan nwit 30 pou rive 31 desanm.

Nan yon mesaj ke li te voye bay chanèl panyòl Antena 3 pou 5 janvye a, Alves te demanti akizasyon kriminèl sa yo.

XS
SM
MD
LG