Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Konferans sou Sekirite nan Munich


Kèk lidè mondyal pwal rankontre, semèn sa a, nan Konferans sou Sekirite a nan Munich anvan anivèsè envazyon LaRisi nan Ikrèn nan, e nan moman gen tansyon chire-pit k-ap moute ant LaChin ak Etazini sou kesyon espyonaj.

Vis-prezidan Etazini Kamala Harris, prensipal diplomat chinwa Wang Yi, Chanselye alman Olaf Scholz, Prezidan franse Emmanuel Macron ak chef l-OTAN Jens Stoltenberg, pwal pami moun k ap nan rankont la k ap dire 3 jou.

Aktivite sa a, k ap tanmen vandredi, vini sèlman kèk jou anvan 24 Fevriye, ki se anivèsè dat kote Moskou te voye fòs li nan Ikrèn, ki vle di lagè ann Ewòp pou premye fwa depi dè dizèn lane.

Pandan Ikrèn ap pare pou yon nouvo ofansiv ki ta soti Moskou, lidè yo ka renouvle angajman pou yo sipòte Kyèv toutotan sa nesesè pou repouse sa yo rele agresyon LaRisi a.

XS
SM
MD
LG