Accessibility links

Breaking News

Chef LOTAN Ap Kite Pòs li nan Mwa Oktòb


NATO Secretary-General Jens Stoltenberg holds a news conference ahead of a two day meeting of the alliance's defence ministers, in Brussels, Feb. 13, 2023.

Alyans l-OTAN an konfime dimanch ke chef li ki la depi kèk tan an ap kite pòs la nan mwa Oktòb, sa ki pwal fè anpil pawòl ap pale sou kesyon moun ki pwal ranplase li.

Diplomat nan Briksèl di pa gen antant sou ranplasan ansyen Premye-minis Nòvèj Jens Stoltenberg kòm prensipal dirijan sivil nan tèt alyans loksidan an.

Kèk alye t ap konsidere yon plan pou pwolonje manda li ki déjà rive sou 9 lane, pou li ka sipèvize repons l-OTAN pou kriz ki la depi LaRisi te anvayi Ikrèn nan.

Men dimanch, touswit apre Stoltenberg, ki gen 63 lane sou tèt li, fin soti nan reyinyon wo-nivo nan Washington, pòtpawòl li konfime ke l ap kite pòs la ane sa a.
« Manda Sekretè Jeneral la ap bout nan mwa Oktòb ane sa a, e li pa gen entansyon al dèyè yon lòt manda, » pou repete pòtpawòl Oana Lungescu.

XS
SM
MD
LG