Accessibility links

Breaking News

FBI Fouye Kay Ansyen Vis-Prezidan Mike Pence


Mike Pence House
Mike Pence House

FBI te fouye kay ansyen Vis Prezidan Ameriken Mike Pence vandredi nan kad envestigasyon ki gen rapò ak Achiv Nasyonal. Yo tal gade si li toujou gen dokiman Mezon Blanch lan lakay li toujou.

Menm jan ajan yo te jwenn dokiman kay prezidan Joe Biden ak ansyen prezidan Donald Trump , yo te dekouvri dokiman sekre lakay ansyen vis prezidan an nan Carmel, Indiana (nò) nan fen mwa janvye a.

Ultrakonsèvatè a, ki tap reflechi sou lide pou li poze kandidati pou prezidan an 2024, "pa t 'okouran de egzistans yo" men li te bay lòd pou yon rechèch nan afè li kòm yon prekosyon, dapre sa avoka li a Me Greg Jacob te di.

Nouvo rechèch sa a te òganize Vandredi, nan kowòdinasyon ant avoka FBI ak Mike Pence, dapre sa Washington Post rapòte.

Ozetazini, yon lwa ki tabli depi 1978 oblije prezidan ak vis-prezidan Ameriken yo voye tout imèl, lèt ak lòt dokiman yo te konn travay bay Achiv Nasyonal yo.

Yon lòt lwa sou espyonaj, entèdi ke yo kenbe dokiman ki klase kòm konfidansyèl nan espas ki pa otorize e ki pa gen sekirite.

Pòtpawòl ansyen vis-prezidan an ak polis federal la pa t reponn demann AFP sou dosye sila.

XS
SM
MD
LG