Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Arkansas Sanders Pral Bay Repons Repibliken an sou Diskou Biden nan


Foto Achiv: Gouvene Arkansas Sarah Huckabee Sanders apre li fin prete seman 10 Janvye 2023.
Foto Achiv: Gouvene Arkansas Sarah Huckabee Sanders apre li fin prete seman 10 Janvye 2023.

Yon ansyen sekretè de près Prezidan Donald Trump, an palan de Gouvenè Sarah Huckabee Sanders pral tounen sou sèn nasyonal la.

Sanders pral pwononse repons Repibliken an apre diskou Prezidan Joe Biden sou Eta Inyon an Madi swa.

Sanders prete sèman kòm premye gouvènè fanm eta Arkansas nan sid Etazini nan mwad Janvye a. Li gen 40 an e li se gouvènè pi jèn peyi Etazini.

Ak diskou li, lidè Repibliken yo ap bay yon pèsonaj ki pwòch ak Trump yon platfòm.

Ansyen prezidan an toujou gen enfliyans nan pati Repibliken yo malgre y ap kestyone si jefò pou pou ranpòte yon lòt manda a la prezidans pral mete baton nan wou yo.

XS
SM
MD
LG