Accessibility links

Breaking News

Biden ap Pare pou Rasire Ameriken Pandan Diskou sou Eta Nasyon an


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pwononse premye diskou li sou Eta Nasyon an devan yon sesyon konjwen palman an, 1 Mas 2022 nan Washington.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pwononse premye diskou li sou Eta Nasyon an devan yon sesyon konjwen palman an, 1 Mas 2022 nan Washington.

Prezidan Joe Biden pare pou l rasire pèp Ameriken an pandan diskou li sou eta nasyon an Madi swa. Biden pito fe sa pase li fe chèlbè ak nouvo plan li anvizaje pou peyi a.

Biden pral eseye tou, simonte pesimis ki egziste nan peyi a ak kè sote kèk sitwayen genyen pa rapo ak lidèship li.

Lap pwononse diskou enpotan sa a devan yon Kongrè ki divize politikman, nan moman nasyon an ap redi pou fè fas ak ensètitid ekonomik, lagè Ikrèn nan epi tansyon ak Lachin ki ogmante.

Se va premye diskou Biden pwononse depi Repibliken yo te pran kontwol Lachanm Depite a nan eleksyon mi-manda yo.

XS
SM
MD
LG