Accessibility links

Breaking News

Biden Lanse yon Apèl pou Inite Pandan Dejene Priyè Nasyonal la


Prezidan Joe Biden, Lide Lachanm Kevin McCarthy, Lide Minorite La Chanm Hakeem Jeffries epi Lide Majorite Lachanm nan Steve Scalise, pandan Dejene Priye Nasyonal la, 2 Fev. 2023.
Prezidan Joe Biden, Lide Lachanm Kevin McCarthy, Lide Minorite La Chanm Hakeem Jeffries epi Lide Majorite Lachanm nan Steve Scalise, pandan Dejene Priye Nasyonal la, 2 Fev. 2023.

Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou santre sou inite ak kowoperasyon ant Demokrat ak Repibliken, pandan Dejene Priyè Nasyonal la Jedi.

Se premye fwa evenman anyèl sa a dewoule depi Biden monte sou pouvwa a. Yo te fè gwo chanjman nan strikti dejene a pou ekate yo ak yon gwoup relije prive ki soulve gwo pale anpil.

Evenman an gen kom bi pou rasanble politisyen tou 2 pati yo. Se konsa Biden te chita bo kote Lidè Lachanm Depite a, Repibliken Kevin McCarthy.

2 polisyen yo dozado sou kestyon pou konnen si Etazini ta dwe ogmante limit dèt li pou evite yon kriz kote peyi a paka peye dèt li.

"Gen vyolans nan kominote nou yo, tankou fiziyad ki fèt pou Joudlan Linè a nan Monterey Park Kalifoni ak Half Moon Bay. Epi gen Tyre Nichols ak fanmi li ak kominote Memphis la, nap tan jistis depi lontan. Gade nan politik nou, nan vi nou, se two souvan nou konsidere youn lot tankou opozan e pa konpetitè. Nou konsidere youn lot tankou enmi olye vwazen. E nan moman difisil sa a ke nap viv la si nou gade pi pre, nap wè fos ak detèminasyon ki defini Etazini depi lontan."

Dejene a te dewoule nan sant vizitè Capitol la e oditwa a ki gen kapasite pou l pran 450 moun, te chaje ak manm Kongrè a, responsab gouvènman an ak lot envite.

Chak prezidan depi Dwight D. Eisenhower toujou pran la pawol nan dejene a. Nan ane ki pase yo gen plizyè milye moun ki te asiste l. Pandan plizye dizèn ane se Fondasyon Entènasyonal la, yon oganizasyon Kretyen ki soulve anpil pale anpil pandan ane yo ki te konn oganize l.

Kounyea se Fondasyon Dejene Priyè Nasyonal la, yon nouvo gwoup ki gen a la tèt li ansyen manm Kongrè a ki oganize l. Fondasyon Entènasyonal la limenm te oganize pwop evenman pa li nan yon otèl tou pre a, kote yo te suiv diskou Biden nan sou entènèt.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG