Accessibility links

Breaking News

Americans for Prosperity Anonse Yo Pwal Chache Andose yon Kandida ki Pa Donald Trump an 2024


Ish-Presidenti Donald Trump duke folur gjatë një aktiviteti elektoral në Kolumbia, të Karolinës së Jugut (28 janar 2023)
Ish-Presidenti Donald Trump duke folur gjatë një aktiviteti elektoral në Kolumbia, të Karolinës së Jugut (28 janar 2023)

Americans for Prosperity, Ameriken pou Pwosperite ki gen ti non ann angle AFP, yon gwo gwoup konsèvatè, ki se yon sous finansman kanpay, anonse li pwal chache andose yon kandida ki pa ansyen prezidan Donald Trump an 2024.

Sa se dènye siy ke Donald Trump ka gen difikilte pou li jwenn yon 3èm nominasyon pati Repibliken an pou prezidan.

Dimanch, Madam Emily Seidel ki se alatèt AFP e yon gwo konseye pou gwoup ki afilye ak li, ki rele AFP Aksyon, voye yon lèt 3 paj bay anplwaye nan òganizasyon li a ak rezo militan ki travay ak gwoup la, pou prezante estrateji òganizasyon an pou 2024.

« Pou nou ekri yon nouvo chapit pou peyi nou an, nou bezwen vire paj sou le passé. Li ajoute, «Pi bon bagay pou peyi a se ta gen yon prezidan an 2025 ki reprezante yon nouvo chapit, … e pèp ameriken an moutre li pare pou vanse pou vire paj la. »

Ameriken pou Pwosperite se yon gwoup ki ekziste depi 2004 ak sipò 2 frè Charles ak David Koch, 2 milyadè endistriyèl ki gen yon istwa kòm militan nan politik konsèvatè, e ki pote-kole ak yon rezo militan rich nan tout peyi a.

XS
SM
MD
LG