Accessibility links

Breaking News

Beyonce Fè Listwa nan Seremoni Remiz Pri Grammy yo


Beyonce aksepte pri pou Meye Albom Mizik Dans Elektwonik pou "Renaissance" pandan seremoni remiz pri Grammy a nan Los Angeles, 5 Fevriye 2023.
Beyonce aksepte pri pou Meye Albom Mizik Dans Elektwonik pou "Renaissance" pandan seremoni remiz pri Grammy a nan Los Angeles, 5 Fevriye 2023.

Harry Styles Ranpote pri Grammy pou Albòm Ane a - ki te pi gran onè seremoni remiz pri a. Men se Beyonce ki te dominen sware a epi fè listwa kòm atis ki ranpòte plis pri Grammy pase tout lòt atis nan listwa.

Beyonce ranpote 32èm pri Grammy li Dimanch, pou'l kraze yon rekò ki te egziste depi 26 zan. Sepandan, menm jan ak ane pase yo, li pa ranpòte pri pou albòm ane a.

Chantez veteran Bonnie Raitt ranpòte pri pou chanson ane a.

Beyonce limenm ranpòte pri pou meyè chante R&B pou "Cuff It," pri pou meyè chante dans elektwonik pou "Break My Soul", pri pou pèfòmans tradisyonèl R&B pou "Plastic Off the Sofa" epi pri pou albòm mizik dans elektwonik pou "Renaissance". Albòm sa a te resevwa nominasyon tou nan kategori albòm ane a.

Harry Styles poze pou yon foto ak pri Grammy li pou Meye Albom Pop ak Albom Ane a pou "Harry's House" pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan Los Angeles, 5 Fevriye 2023.
Harry Styles poze pou yon foto ak pri Grammy li pou Meye Albom Pop ak Albom Ane a pou "Harry's House" pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan Los Angeles, 5 Fevriye 2023.

Styles limenm ranpote 3 pri Dimanch. Kanmenm Beyonce poukont li sou twon Grammy apre li depase defen konpozitè Georg Solti ak 32èm pri Grammy li. Vedèt la remèsye mari li Jay-Z ak fanmi li pou sipò yo.

Bad Bunny te louvri seremoni remiz pri a ak yon pèfòmans chaje ak enèji ki te lakoz anpil manm odyans la, pami Taylor Swift te leve kanpe pou danse.

Lizzo aksepte pri pou Disk Ane a pou "About Damn Time" pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan Los Angeles, 5 Fevriye 2023.
Lizzo aksepte pri pou Disk Ane a pou "About Damn Time" pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan Los Angeles, 5 Fevriye 2023.

Kendrick Lamar ranpòte 6èm twofe karyè li pou meyè pèfòmans rap ak meyè albom rap pou "Mr. Morales & The Big Steppers."

Viola Davis prezante yon pri pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan vil Los Angeles, 5 Fevriye, 2023.
Viola Davis prezante yon pri pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan vil Los Angeles, 5 Fevriye, 2023.

Viola Davis limenm soti kom yon EGOT - ki se yon pawòl ki siyifye moun ki ranpòte pri Emmy, Grammy, Oscar ak Tony ( setadi pri ekselans nan domen televisyon, mizik, film ak teyat). Davis pran pri pou meyè liv odyo, narasyon ak istwa. Aktris la te bay yon diskou ki te chaje ak emosyon le li te monte sou sen nan pou pran pri li a.

Enfòmasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG