Accessibility links

Breaking News

Yo Onore Dr. Dre, Missy Elliott, Lil Wayne nan yon Evenman - Pre-Grammy


Foto Konbinezon: Dr. Dre, Missy Elliott epi Lil Wayne.
Foto Konbinezon: Dr. Dre, Missy Elliott epi Lil Wayne.

Akademi Anrejistreman an pral rann omaj a Dr. Dre, Missy Elliott ak Lil Wayne pandan dezyem evenman anyèl li ki rele Kolektiv Mizik Nwa a.

Evenman sa a pral dewoule anvan seremoni rejiz pri a.

Twa loreya pri Grammy sa yo ak responsab konpayi mizik Sylvia Stone resevwa nouvo pri ke yo re-nomen Dr. Dre Global Impact Award. Seremoni an dewoule nan Paladyon Hollywood la nan Los Angeles.

Loreya yo resevwa pri yo pou bèl akonplisman yo nan vi prive ak pwofesyonèl yo nan endistri mizikal la.

Wayne te pale de jan pèson pat kon okipe l. Dr. Dre pataje pasyon li pou kolaborasyon. Elliott limenm pwononse yon diskou chaje ak emosyon ki te lakoz anpil manm odyans la te pran kriye.

XS
SM
MD
LG