Accessibility links

Breaking News

Beyonce Ranpòte 2 Pri Grammy, Viola Davis Tounen yon EGOT


Randy Rainbow prezante yon pri pandan 65em seremoni anyel remiz pri Grammy yo nan Los Angeles, 5 Fevriye, 2023.
Randy Rainbow prezante yon pri pandan 65em seremoni anyel remiz pri Grammy yo nan Los Angeles, 5 Fevriye, 2023.

Beyonce deja ranpòte 2 pri Grammy jodi Dimanch la kivledi li taka tounen atis nan listwa ki ranpòte plis pri Grammy pase tout lot yo.

Pandan seremoni remiz pri preliminè Grammy a Dimanch, Beyonce ranpòte pri pou meyè chante dans elektwonik pou "Break My Soul". Li ranpòte tou pri pou meyè pèfòmans tradisyonèl R&B pou "Plastic Off the Sofa".

Aktris e lorya pri Oscar Viola Davis limenm aten stati EGOT (kivledi li ranpòte pri Emmy, Grammy, Oscar ak Tony) Davis ranpòte pri Grammy pou meye liv odyo, narasyon ak istwa. Aktris la te pwononse yon diskou chaje ak emosyon kote li te rele: "Mwen fek EGOT" apre li te resevwa pri li a.

XS
SM
MD
LG