Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Mete Fen nan Ijans COVID-19 yo 11 Me


Prezidan Joe Biden pale ak jouanlis yo sou gazon sid Lamezonblanch la nan Washington, Lendi 30 Janvye 2023.
Prezidan Joe Biden pale ak jouanlis yo sou gazon sid Lamezonblanch la nan Washington, Lendi 30 Janvye 2023.


Prezidan Joe Biden enfòme Kongrè a ke li pral mete fen nan ijans nasonal COVID-19 yo 11 Me kap vini an, nan moman pi fo mond lan reprann vi nomal yo, 3 zan apre pandemi a te parèt.

Mezi a vize mete fen nan ijans nasyonal la ak deklarasyon sante piblik yo. Sa pral restriktire ofisyelman repons kowonaviris federal la epi kite otorite medikal sivil yo jere menas virus la poze pou sante piblik la.

Anons la fet nan moman palmante yo deja mete fen nan kek eleman ijans la ki te mentni asirans sante pou plizye milyon Ameriken pandan pandan pandemi a.

XS
SM
MD
LG