Accessibility links

Breaking News

Sous AP: Biden pral Chwazi Zients Kòm Pwochen Chèf Kabinè li


Foto Achiv: Kowodonate Lamezonblanch sou Repons Administrasyon an fas ak pandemi COVID-19 la, Jeff Zients nan Lamezonblanch, 13 Avril 2021.
Foto Achiv: Kowodonate Lamezonblanch sou Repons Administrasyon an fas ak pandemi COVID-19 la, Jeff Zients nan Lamezonblanch, 13 Avril 2021.

Prezidan Joe Biden gen pou l fe yon anons kote li va nomen moun ki te jere premye repons administrasyon an fas ak pandemi COVID-19 la kòm pwochen chef Kabine li.

Nouvel sou nominasyon Jeff Zients nan pòs la soti bò kote 2 moun ki familye ak kestyon an ki te pale ak Associated Press sou kondisyon pou yo pa site non yo.

Chef kabine aktyel Biden nan, Ron Klain pral kite pòs li nan semen kap vini yo.

Depi wòl li kòm kowòdonate administasyon Biden nan sou pandemi COVID-19 la, Zients te retounen nan Lamezonblanch kote li okipe yon pozisyon pwofil ba kote li jere kestyon ki gen pou we ak anplwa.

XS
SM
MD
LG