Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Gang pran Kontwòl Peyi a, Pandan Demokrasi Prèske Pa Egziste


Haiti Democracy at Risk
Haiti Democracy at Risk

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Nan yon moman kote demokrasi ap pran anpil kou ann Ayiti akoz zak vyolans gang ap komèt, Moun ak zam tankou Jimmy Cherizier - ke tout moun rekonèt sou tinon Barbecue - chaje ak pouvwa.

Barbecue, vin tounen youn nan moun ki pi popilè ann Ayiti kounyea.

Entènasyonal la, rekonèt li kòm lidè gang ki pi pwisan e pèsonaj moun plis pè an Ayiti. Nasyonzini pran sanksyon kont li pou "abi grav li fè kont dwa sitwayen yo".

E se Barbecue ki menen operasyon pou bloke pi gwo tèminal gaz peyi a ki te mete nasyon Karayib la ajenou nan fen ane 2021 an.

Men, lè ou pale ak ansyen ofisye polis la, li di li se yon "revolisyonè," k ap defann pèp la kont yon gouvènman ki mele nan koripsyon, e ki kite yon nasyon 12 milyon moun ap soufri.

Nan yon chita pale The Associated Press te fè ak Chreizier li te deklare. "Mwen se yon menas pou sistèm nan."

Nasyonzini te estime an Desanm ke gang yo kontwole 60% kapital peyi a, men jodi a majorite sitwanyen nan lari Pòtoprens di chif sa yo pi pre 100%.

Omwen 155,000 moun te oblije kouri kay yo akoz zak vyolans gang yo.

XS
SM
MD
LG