Accessibility links

Breaking News

Pewou: Yon Gwoup Palmantè Soumèt Mosyon Pou Destitye Prezidan Dina Boluarte


PERÚ-PROTESTAS
PERÚ-PROTESTAS

Yon gwoup palmantè nan peyi Pewou soumèt ayè mèkredi a yon mosyon pou destitye Prezidan Dina Boluarte apre yon ti kras pase yon mwa depi li te pran pouvwa, e palmantè yo akize li pou « enkapasite moral pèmanan. »

Mouvman pou jete Boluarte a vini pandan gen manifestasyon vyolan apre destitisyon ak arestasyon prezidan Predro Castillo, mwa pase a, kote dè douzèn moun pèdi lavi yo.

Ajans nouvèl Reuters gen yon kopi mosyon an ki gen siyati 28 manm gochis nan palman an, ki sipòte Castillo. Lalwa ekzije pou pi piti 20 pousan oubyen 26 siyati, pou mosyon an ka valab.

Mosyon an dwe gen kounyea 52 vwa pou palman an ka fè deba sou li.

Biwo Boluarte a pa te reponn touswit yon demann pou li pale sou kesyon an. Li akize Castillo, ki nan prizon anvan jijman, kòmkwa li t ap chofe divizyon pandan 17 mwa li te pase nan pouvwa a.

XS
SM
MD
LG