Accessibility links

Breaking News

Pewou: Prezidan Boluarte Sèmante Li Pap Demisyonen'


Presidenta_Dina_Boluarte
Presidenta_Dina_Boluarte

42 moun pèdi lavi yo nan senk semèn ki sot pase yo nan moman gen manifestasyon manch long ki kontinye ap fèt nan Pewou, kote popilasyon an ap mande demisyon prezidan pwovizwa a Dina Boluarte.

Vandredi 13 janvye a Dina Boluarte, ensiste ke li pap demisyone malgre pèp souvren an ap mande poul demisyone nan tèt peyi a.

Nan diskou li pwononse nan televizyon leta li deklare "Anpil moun ki ap komèt zak vyolan ak anpil ki radikal ap mande poum demisyone, yo pwovoke dezòd nan mitan popilasyon an, zak destriksyon. Mwen pa pral demisyone. Angajman mwen se ak Perou li ye."

XS
SM
MD
LG