Accessibility links

Breaking News

Iran Enpoze Sanksyon Sou 34 Moun Nan Inyon Ewòp la


Iranian President Ebrahim Raisi meets with the families of security forces killed during Iran's protests, in Tehran
Iranian President Ebrahim Raisi meets with the families of security forces killed during Iran's protests, in Tehran

Iran enpoze sanksyon ayè mèkredi a sou 34 moun ak gwoup nan Inyon Ewòp la ak nan Grand Bretay kòm reyaksyon pou mezi menm jan an ke yo pran poutèt repons Teheran pou manifestasyon ki la depi dè mwa a.

Aksyon Teheran an vini 2 jou apre Inyon Ewòp la ak Grand Bretay sot pran yon lòt seri sanksyon kont Repiblik Islamik la ke manifestasyon ap sakaje depi lanmò Mahsa Amini 16 Septanm pase.

Amini, yon Kurd Iranyen 22 zan mouri anba men lapolis apre li te fin jwenn arestasyon l poutèt li ta vyole regleman sou jan fanm dwe abiye nan peyi a.

Pami sanksyon ke Teheran pran yo, li bloke kont an bank ak tranzaksyon ak bank nan Iran e li “entèdi viza ak antre » nan Iran, dapre ministè afè etranjè a.

Iran akize kèk moun ak òganizasyon kòmkwa y ap « sipòte aktivite teworis ak gwoup teworis, ankouraje moun komèt zak teworis ak vyolans kont moun nan Iran. »

Li akize yo kòmkwa y ap antre nan zafè andan Iran e chofe vyolans e gaye fo enfòmasyon sou Iran. »

XS
SM
MD
LG