Accessibility links

Breaking News

Iranyen-Ameriken Siamak Namazi Lanse Yon Grèv Grangou pou 7 jou


A woman steps through a door covered by a mural depicting American hostages and wrongful detainees held abroad, July 20, 2022, in Washington. At left is Siamak Namazi, who has been in captivity in Iran since 2015.
A woman steps through a door covered by a mural depicting American hostages and wrongful detainees held abroad, July 20, 2022, in Washington. At left is Siamak Namazi, who has been in captivity in Iran since 2015.

Iranyen-Ameriken Siamak Namazi lanse yon grèv grangou 7 jou pou atire atansyon sou ka li ki ap boule prizon depi kèk tan nan Iran, e l ap mande Prezidan Etazini Joe Biden pou mennen tounen lakay tout Ameriken ki nan prizon nan Iran.

Namazi te jwenn arestasyon li an 2015 epi kondanasyon pou sa Etazini ak Nasyon Zini di ki sete fo akizasyon espyonaj.

Li lanse apèl jodia sou fòm yon lèt pou Biden, ke avoka ki ap defann Namazi, Jared Genser, pibliye nan dat ki fè 7èm anivèsè yon antant kote Iran te lage 5 Ameriken, pou Etazini ka fè gras 7 Iranyen. Boukantay la te fèt ansanm ak aplikasyon akò nikleyè Iran an, lè Biden te vis-prezidan.

Li di, « Lè administrasyon Obama a te lage lòt sitwayen ameriken ki te ann otaj nan Iran, 16 Janvye 2016, gouvènman ameriken an te pwomèt fanmi mwen ke mwen t ap tounen lakay san danje nan kèk semèn. Eben 7 lane apre e sou yon 2èm prezidan apre sa, me mwen ki rete nan kalòj nan prizon Even nan Teheran.”

XS
SM
MD
LG