Accessibility links

Breaking News

Kanada Pare Pou Bay Ikrèn 200 Machin Blende


Foto Achiv: Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ak Minis Afe Etranje Melanie Joly nan Ottawa, Ontario, Kanada.
Foto Achiv: Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ak Minis Afe Etranje Melanie Joly nan Ottawa, Ontario, Kanada.

Minis Defans Kanadyen an anonse semèn pase pandan li te fè yon vizit nan Kyev, ke peyi Kanada pral bay 200 machin blende ki pral ede sòlda kontinye operasyon kont fòs ris yo ki anvayi Ikrèn.

Anita Anand ki se minis defans kanadyen an te fè konnen ke ."Veyikil sa yo ekipe ak teknoloji e zam yo trè fasil pou enstale ak manevre".

Anons Kanadyen an fè pati yon pwoje èd militè ki vo 500 milyon dola C$ (343 milyon €) ke Premye Minis Justin Trudeau te anonse nan mwa novanm ke peyi ap bay Ikrèn.

Depi kòmansman konfli a nan Ikrèn, Kanada te pwomèt pou bay plis pase yon milya dola èd militè a Kyiv, ki pabab vin sou tou fòm zam, limyè, obus, rad pou sezon fredi ak minisyon

XS
SM
MD
LG