Accessibility links

Breaking News

Brezil Revoke Chèf Lame a Apre Revolt Brasilia a


Yon ajan pase devan tèt yon estati devan bilding Kou Siprèm Brezil la ke patizan ansyen Prezidan Jair Bolsonaro te atake nan vil Brasilia, 10 Janvye 2023.
Yon ajan pase devan tèt yon estati devan bilding Kou Siprèm Brezil la ke patizan ansyen Prezidan Jair Bolsonaro te atake nan vil Brasilia, 10 Janvye 2023.

Prezidan Brezilyen an revoke chèf lame a apre lidè gochis la deklare kèk manm lame a te soutire manifestan ekstrèm dwat ki te atake enstitisyon leta yo 8 Janvye pase a.

Sit entènèt ofisyèl fòs zame Brezilyen an fè konnen Samdi ke Prezidan Luiz Inacio Lula da Silva wetire Jeneral Julio Cesar de Arruda nan pozisyon li kòm chèf lame a.

Se Jeneral Tomas Miguel Ribeiro Paiva ki ranplase li. Anvan sa, Jeneral Paiva te dirije Kòmandman Militè Sidès la.

Lula deklare plizyè fwa piblikman ke vreman vre te gen moun nan lame a ki te pèmèt patizan ansyen Prezidan Jair Bolsonaro atake bilding gouvènman an epi detwi pwopriyete piblik nan vil Brasilia, 8 Janvye.

XS
SM
MD
LG