Accessibility links

Breaking News

46 Lejislatè Demokrat Mande Biden Anile Viza Bolsonaro


Florida Brazil Bolsonaro
Florida Brazil Bolsonaro

RIO DE JANEIRO (AP) — Yon gwoup 46 lejislatè Demokrat voye yon lèt bay Prezidan Joe Biden pou mande li anile viza diplomatik ansyen prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro apre zak kraze brize ke patizan li yo te fè nan kapital Brezil la.

Lèt sa ke yo te voye bay prezidan Biden te di ke ke Bolsonaro responsab zak destriksyon sa yo, paske li fè reklamasyon ke machin vòt elektwonik yo te sansib e moun te kapab fè fwod, e li pa janm konsede defèt li e li pa mande sipòtè li yo respekte rezilta yo.

Lejislatè yo di Lèzetazini pa dwe bay Bolsonaro ni okenn otorite ki pwovoke vyolans kont enstitisyon demokratik yo viza Ameriken.

XS
SM
MD
LG