Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Lula Revoke 13 Sòlda nan Ekip Sekirite li Apre Revòlt Brazilia a


Brazil Lula Ceremony
Brazil Lula Ceremony

Gouvènman prezidan brezilyen an, Luiz Inacio Lula da Silva, revoke 13 sòlda ki te fè pati kò sekirite li, kèk jou apre yon revòlt anti-gouvènmantal kote yo sakaje plizyè entitisyon nan kapital la. Lula lonje dwèt li sou predesesè li Jair Bolsonaro.

Yon avi ki te soti nan jounal ofisyèl la te di ke 13 moun ki te fè pati twoup ki tache ak prezidans la te jwenn revokasyon yo.

Nan kòmansman semèn nan otorite yo te retire 40 lòt sòlda ki te atache palè prezidansyèl la nan Alvorada, kote prezidan Brezil yo rete.

Jis kèk jou apre atak la sou palè prezidansyèl la, Tribinal Siprèm ak Kongrè a pa patizan ansyen prezidan Bolsonaro, Lula te di ke moun kap revòlte yo te gendwa te jwenn èd anndan e li te fe allusion ak patisipasyon fòs sekirite yo.

Li te bay lòd pou te gen yon bon jan revizyon nan pèsonèl la e li di ke li "konvenki ke pòt la nan palè Planalto (prezidansyèl) te rete louvri pou manifestan yo te ka antre paske pa gen okenn pòt ki kase."

Lula, 77 an, te bat Bolsonaro pa yon maj ki trè-mens nan eleksyon prezidansyèl Oktòb 2022 yo.

XS
SM
MD
LG