Accessibility links

Breaking News

Paris: Nouvo Mòd pou Mesye yo se Milti-Kolò, Epi Teni pou Vwayaje


Yon manken pandan defile modis Matthew M. Williams pou mezon mod Givenchy nan Paris, 18 Janvye 2023.
Yon manken pandan defile modis Matthew M. Williams pou mezon mod Givenchy nan Paris, 18 Janvye 2023.

Semèn Mòd Gason Paris a ap dewoule semèn sa a kote modis yo prezante yon seri koleksyon dinamik.

Pami modis ki prezante koleksyon rad pou mesye yo Mèkredi genyen: Dior, Vuitton, Issey Miyake ak Givenchy. Defile yo te reprann apre yon kanpe akoz pandemi COVID-19 la.

Modis Anthony Alvarez ki reprezante mak Bluemarble te òganize defile pa li andedan Katedral Ameriken an. Koleksyon li an te yon melanj rad mesye òdine yo renmen mete pou sikile nan lari epi kostim byen taye ki enkòpore kilti divès peyi.

Yon manken nan defile modis Matthew M. Williams pou mezon mod Givenchy, nan Paris, 18 Janvye 2023.
Yon manken nan defile modis Matthew M. Williams pou mezon mod Givenchy, nan Paris, 18 Janvye 2023.

Modis Anthony Vaccarello limenm te montre rad long nan koule sonb ki fè sonje koleksyon Saint Lauent pou medam yo. Kidonk koleksyon misye te gen yon aspè unisèks.

Yon manken nan defile modis Anthony Vaccarello pou mezon mod Saint Laurent nan Paris, 17 Janvye 2023.
Yon manken nan defile modis Anthony Vaccarello pou mezon mod Saint Laurent nan Paris, 17 Janvye 2023.

Pou twazyèm defile li nan Paris, modis Bianca Saunders limenm ki se yon minimalis te ofri gwo rad bafou ki melanje plizye kilti ansanm.

XS
SM
MD
LG