Accessibility links

Breaking News

Haiti Fashion Week /Semèn La Mòd ann Ayiti, ap Dewoule nan Otèl El Rancho


 Fashion show nan Pòtoprens, Ayiti.
Fashion show nan Pòtoprens, Ayiti.

Haiti Fashion Week byen kòmanse Dimanch 28 Janvye 2018 la anba tèm: “Innovasyon”. Evennman anyèl la, k ap dewoule ane sa a nan Otèl El Rancho nan Petyonvil, gen patisipasyon 40 modis ki sòti nan peyi sa yo: Ayiti, Repiblik Dominikèn ak lòt kote nan Karayib la, Lèzetazini, La Frans, Beljik ak Itali. Patisipan sa yo ap prezante koleksyon rad prentan ak ete yo.

Daprè prezidant e òganizatris semèn kouti ak mòd sa a, Madàm Maguy Durcé, y ap mete aksan ane sa a sou “haute Couture” - sètadi kreyasyon ki mande anpil travay a la men e ki sanble ak pyès d'ar anpil fwa. Madàm Durcé fè konnen Haiti Fashion Week se yon opòtinite tou pou montre yon imaj pozitif peyi d'Ayiti epi prezante bèl travay atizan lokal yo ki fè bijou, sak-a-men ak lòt akseswa ke modis yo enkòpore nan defile yo.

"Kreyatè nou yo pral prezante kèk pyès siblim, kèk pyès ekstwòdinè…" Deklasyon Madàm Durcé devan spektatè yo nan ouvèti Haiti Fashion Week la. Li ajoute: "Kreyatè nou yo imajine tou vètman ak akseswa mayifik." Oganizatris la di li ta renmen wè Haiti Fashion Week "monte pou l rive a la wotè evenman Fashion Week ki dewoule nan lòt peyi nan le mond.” Jenn mizisyen popile Ayisyen J. Perry te anime sware a ak kèk chante ki sou nouvo albòm li a: "Kiyès Ou Ye?"

Enfòmasyon nou fè n konnen Haiti Fashion Week te sipoze dewoule nan mwad novanm ane pase a; men oganizatè yo te anile evennman an akoz divès pwoblèm. Semèn kouti ak mòd la pral pran fen 31 Janvye 2018 la.

XS
SM
MD
LG