Accessibility links

Breaking News

Asèlman Seksyèl: Lajitis Ouvè Ankèt sou Prezidan Foutbòl Franse a


Soccer France Le Graet
Soccer France Le Graet

PARIS (AP) — Biwo pwokirè Paris a fè konnen yo louvri yon ankèt kont Prezidan Federasyon Foutbòl fransè Noël Le Graët pou "asèlman seksyèl" ak "arasman moral".

Biwo pwokirè Paris a di Associated Press ke yo te louvri yon ankèt lapre yon rapò ke Enspeksyon Jeneral Edikasyon, Espò ak Rechèch la te fè.

Yon lanse ankèt la apre deklarasyon ajan espò Sonia Souid te fè kote li akize Le Graët pou move konpotman pandan plizyè ane.

Souid te di nan yon entèvyou ak L'Equipe ke Le Graët te eseye apwoche l plizyè fwa ant 2013 ak 2017.

Li di ke li te sèlman enterese nan li seksyèlman.

XS
SM
MD
LG