Accessibility links

Breaking News

Foutbòl PSG: Mbappé ak Hakimi Retounen nan Antrènman

FILE - PSG's Kylian Mbappe, left, celebrates with teammate PSG's Achraf Hakimi at the Francis-Le Ble stadium in Brest, France, Aug. 20, 2021. Wednesday, Mbappe, playing for France, and Hakimi, playing for Morocco, face off in a World Cup match.

Sipèsta franse Kylian Mbappé ak defansè Maroken an Achraf Hakimi, ki te an konje apre koup du mond lan, retounen jwenn ekip yo PSG nan antrènman.

PSG afiche sou kont Twitter li foto 2 jwè yo k ap antre sou teren pou al nan antrenman: Yo te di yo "Byenveni".

Mesye yo te retounen nan klèb la apre koup du mond lan, kkote yo te jwe jwe yon match nan Ligue 1 kont Estrasbou (2-1), 28 desanm pase, e yo de komèt yon defèt fas a Lens (3-1), 1ye janvye, apre yo te pran 10 jou vakans.

Mbappé ak Hakimi te vwayaje ozetazini, nan New York, kote yo te asiste yon match NBA ant Brooklyn Nets kont San Antonio Spurs.

Mbappé ak ko-ekipye li a te resevwa yon mayo sipèsta Nets Kevin Durant, ki te vin salye yo epi yo te fe kek foto ansanm.

Pwochen match Parizyen yo pwograme pou dimanch.

XS
SM
MD
LG