Accessibility links

Breaking News

Etazini Rapatriye Migran Kiben, Ayisyen


Otobis kap transpote migran Kiben kite katye jeneral Sekte Key West Gad Kot Etazini an, Jedi 5 Janvye 2023.
Otobis kap transpote migran Kiben kite katye jeneral Sekte Key West Gad Kot Etazini an, Jedi 5 Janvye 2023.

Gad Kòt Etazini rapatriye yon lòt 177 migran Kiben ke yo ranmase sou lanmè tou pre yon zile eta Florid.

Yon not pou laprès Gad Kòt pibliye di yo te entèsepte migran yo pi bonè mwa sa a e yo rapatriye tout Jedi.

Pandansetan, yon gwoup 25 Ayisyen ki tap vwayaje nan yon vwalye naje pou rive sou yon plaj anba lavil Miami kote otorite yo te arete yo. Se sa pòt pawòl Gad Fwontyè ak La Dwann fe konnen.

Gen plis migran Kiben ak Ayisyen kap tante chans yo pou wè si yo ka antre Ozetazini pa detwa Florid la pandan mwa ki pase yo nan moman enflasyon ak kondisyon ekonomik yo ap deteryore lakay yo.

XS
SM
MD
LG