Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sitwayen Atravè Peyi a Debake Devan Biwo Imigrasyon Pou Fè Paspò


HAITI-UNREST-MIGRATION
HAITI-UNREST-MIGRATION

Nouvo pwogram Pawòl Imanite ke administrasyon Biden nan mete sou pye pou plizyè peyi pami yo Ayiti, ki pral bay sitwayen Ayisyen posibilite pou yo kapab emigre Ozetazini pa yon vwa ki legal, lakoz anpil sitwayen Ayisyen atravè peyi a kouri al fè paspò yo.

Plizyè santèn ayisyen te rasanble devan biwo sèvis migrasyon atravè peyi a pou aplike pou yon paspò, ak espwa pou yo benefisye de nouvo pwogram migrasyon "Pawòl Imanite" Ameriken, ke prezidan Joe Biden anonse a.

Telman gen moun ki fè demand paspò, foul la te oblije rete devan biwo santral imigrasyon an Pòtoprens paske ajan yo te oblije kenbe pòt yo fèmen epi kite sèlman kek moun antre detanzantan.

Avek kantite migran ki ap itilize fwontyè sid Etazini pataje ak Meksik, Gouvènman ameriken an lanse nouvo pwogram sa ki pral pèmet 30,000 migran ki soti nan peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela antre Ozetazini chak mwa pa vwa legal.

Moun ki ap aplike pou nouvo program sa yo dwe jwenn yon moun Ozetazini pou patwone li. Moun sa se ap sèvi kòm yon sipò pou edel nan pwosesis la.

Ofisyèlman, on moun kapab fè yon paspò ayisyen pou 8,000 goud - ki ekivalan 50 ero.

Fas ak kantite deman ki genyen e koripsyon ki genyen andedan sèvis sa, gen sitwayen ki konn peye doub pou yo kapab jwenn dokiman yo an ijans.

XS
SM
MD
LG