Accessibility links

Breaking News

Somè nan Meksik: Lidè Yo Antann yo Pou Yo Ranfòse Relasyon Ekonomik nan Peyi yo


North American Leaders' Summit in Mexico City
North American Leaders' Summit in Mexico City

Lidè Kanada, Meksik ak Etazini te reyini madi nan vil Meksiko pou yon somè e yo di ke tèt-ansanm ant peyi nan rejyon an vin pi solid apre 2 jou chita-koze.

Nan somè a, lidè Amerik di Nò yo, ki se Premye-minis Kanada Justin Trudeau, Prezidan meksiken Andrés Manuel Lopez Obrador ak Prezidan Etazini Joe Biden, antann yo pou ranfòse relasyon ekonomik antre yo, kote antwòt yo pwal pwodui plis machandiz nan rejyon an e ogmante pwodiksyon semi-kondiktè.

Biden di nan yon konferans pou laprès apre yon reyinyon ki te dire apeprè 2 zèd tan nan Palè Nasyonal la nan Meksiko, ke 3 peyi sa yo « se vrè patnè.”

“Nou pi solid e nou pi bon lè nou travay ansanm, nou 3 a…, » se konsa Biden te pale.

Yo pale tou sou kesyon konbat chanjman klima a, migrasyon ak sikilasyon dwòg ak moun sou fwontyè Etazini-Meksik la.

XS
SM
MD
LG